Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a.
Lè Ben-Hadad te tande mesaj sila a, pandan li t ap bwè avèk wa yo nan tonèl pwovizwa pa yo, li te di a sèvitè li yo: “Pran plas nou”. Konsa, yo te pran plas yo kont vil la.
Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,
Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.
Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.