29 “Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.”
29 L'ap di li: - Mwen konnen anpil fanm ki moutre vanyan yo. Men, pou ou menm, nanpwen tankou ou!
Yon bon madanm se kouwòn a mari li; men sila ki fè l wont lan se tankou pouriti nan zo li.
Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.
Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.
Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite.