28 Pitit li yo leve e beni li; mari li tou ba li gwo lwanj pou di l:
28 Tout pitit li yo ap fè l konpliman. Mari l menm ap fè lwanj li.
Epi Joseph te mennen yo soti antre jenou li yo, e te bese ba avèk figi li jis atè.
Konsa, Bath-Schéba te ale kote Wa Salomon pou pale avèk li pou Adonija. Epi wa a te leve pou rankontre li. Li te bese devan l, e te chita sou twòn li an. Li te fè yo ranje yon twòn pou manman a wa a, e li te chita bò kote men dwat li.
O SENYÈ, anverite, mwen se sèvitè Ou. Mwen se sèvitè Ou, fis a sèvant Ou an. Ou fin lache kòd mwen yo.
Yon fanm ak gras twouve onè; e mesye san prensip yo twouve richès.
Pawòl a wa Lemuel yo; pwofesi ke manman li te ansegne li a:
Li gade byen tout afè lakay li e li pa manje pen laparès.
“Anpil fi te fè byen bon; men ou pi bon anpil pase yo tout.”
Paske mwen sonje lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou.