31 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan, ni pa chwazi chemen li yo.
31 Pa anvye sò mechan yo. Pa mete nan tèt ou pou ou fè tankou yo.
Pa twouble tèt ou akoz mechan yo. Pa vin pote lanvi pou malfektè yo.
Paske mwen te gen anvi awogan yo, lè m te wè jan mechan yo te byen reyisi.
Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo; men rasin ladwati yo va donnen fwi li.
Pa kite kè ou fè lanvi pechè yo, men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.
Pa fè anvi a moun mechan, ni dezire pou avèk yo;
Si ou wè malere a vin oprime e pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo.
lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.