28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”, oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
28 Si ou gen dekwa pou bay, pa di pwochen ou: Ale non! Tounen denmen, ou va jwenn kichòy!
Pa vin ògeye sou bagay demen, paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.
Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
Mwen te fin retire rad mwen; kijan pou m ta remete l ankò a? Mwen te lave pye mwen; kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?
“‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.
Men koulye a, fin fè li. Menm jan nou te gen bòn volonte pou fè l la, pou li kapab osi konplete pa kapasite nou.
Men mwen te voye frè yo, pouke konpliman nou an pa ta fèt nan vid nan ka sa a, pouke jan mwen t ap di a, nou kapab byen prepare.
Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje.