19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a; ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
19 Avèk bon konprann li, Bondye kreye latè. Avèk entelijans li, li mete syèl la nan plas li.
“Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,
O SENYÈ, a la zèv Ou yo anpil! Nan sajès, Ou te fè tout bagay. Latè ranpli ak byen Ou yo.
A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
SENYÈ a te posede m nan kòmansman travay pa Li; menm avan zèv ansyen Li yo.
Bondye te fè tè a pa pouvwa Li. Li te etabli lemonn ak sajès Li; ak konprann Li, Li te etann syèl yo.
“Sila ki te fè latè a ak fòs pouvwa Li a, ki te etabli lemonn ak sajès Li, e ak bon konprann Li, te etabli syèl yo.
Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.