27 Tankou yon nonm enjis abominab a moun dwat, yon nonm ladwati abominab a mechan yo.
27 Moun ki mache dwat pa vle wè mechan. Mechan pa vle wè moun k'ap mache dwat.
Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.
Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ? Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?
Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt. Yo devni lènmi m.
Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo, paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen. Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m. Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li; men sila ak panse pèvès la va meprize.
Yon dezi ki realize se dous a nanm nan, men moun bèt pa vle kite mechanste.
Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.
Moun k ap vèse san rayi inosan an; men moun dwat yo pwoteje lavi li.
Pawòl a Agur, fis a Jaké a, pwofèt la: nonm nan pale Ithiel, a Ithiel ak Ucal:
Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.
Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.
“Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.
“Moun ki rayi M, rayi Papa M tou.
“Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.
Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.