Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 29:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Moun ki konplis yon vòlò, se moun ki rayi tèt li. Si li denonse vòlò a, y'ap pini l. Si li pa denonse l, madichon Bondye ap tonbe sou li.

参见章节 复制




Pwovèb 29:24
11 交叉引用  

Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li; men sila ki koute repwòch ranmase bon konprann.


Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò; sila ki fè l fache va pèdi lavi l.


Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès; nonm nan ki fè sa a, detwi pwòp nanm li.


Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal; tout sila ki rayi mwen yo, renmen lanmò.”


Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak volè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benifis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo.


“‘Alò, si yon moun peche lè l rele pou fè temwayaj tribinal kòn yon temwen, konsènan si li te wè oubyen otreman vin konnen yon bagay, si li pa pale sa, alò, li va pote koupabilite pa li.


Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”


Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”


Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”


跟着我们:

广告


广告