17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò; anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.
17 Korije pitit gason ou lan, li p'ap ba ou tèt chaje. L'a fè kè ou kontan.
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li; men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.
Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.
Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.
Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.