Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 29:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Si yon wa jije pòv yo ak verite, twòn li va etabli jis pou tout tan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè yon wa pran kòz malere pou defann dwa yo san patipri, wa sa a gen pou li gouvènen lontan.

参见章节 复制




Pwovèb 29:14
18 交叉引用  

Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a va kanpe janm jis pou tout tan. Ou te etabli syèl yo. Fidelite Ou rete nan yo.


Se abominab pou wa yo komèt zak mechan, paske yon twòn etabli sou ladwati.


Fidelite ak verite prezève wa a, e ladwati bay twòn li an soutyen.


Retire mechan an devan wa a, e twòn li an va etabli nan ladwati.


Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann; men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.


Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab; men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.


Aprann fè sa ki bon; chache lajistis, fè sekou oprime yo, defann òfelen yo, plede ka a vèv la.


men ak ladwati, Li va jije malere yo, e pran desizyon ak jistis pou aflije sou latè yo. Li va frape tè a ak baton bouch Li, e avèk souf lèv Li yo, Li va detwi mechan yo.


Li te plede koz a malere ak aflije yo, epi sa te ale byen. Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.


Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.


Akoz sa, O wa, ke konsèy mwen an kapab fè ou kontan: Sispann koulye a, peche ou yo. Ranplase yo ak ladwati, e inikite ou yo avèk montre mizerikòd a malere yo. Petèt konsa, kapab genyen yon pwolonjman trankilite ou.”


跟着我们:

广告


广告