Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 28:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke; men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon.

参见章节 复制




Pwovèb 28:27
14 交叉引用  

Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis. Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.


Sila ki bay ak bon kè a va pwospere; sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.


Sila ki refize bay manje sereyal la, va modi pa pèp la; men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.


Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.


Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.


Sila ki di a mechan an: “Ou dwat”, pèp yo va modi li e nasyon yo va rayi li;


Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo; men lè yo peri moun dwat yo vin plis.


Pou sa, lè nou ouvri men nou nan lapriyè, Mwen va kache zye M de nou menm. Wi, menm si nou ogmante lapriyè nou yo, Mwen p ap koute yo. Men nou kouvri ak san.


Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.


“Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.


Epi pa neglije fè sa ki bon e pataje youn avèk lòt. Paske nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.


跟着我们:

广告


广告