4 Retire vye kras sou ajan k ap fonn nan, e va sòti metal pi pou òfèv la.
4 Wete tout vye kras ki nan ajan an. Ofèv la ap ba ou yon bèl travay byen fèt.
Paske Ou te fè nou pase a leprèv, O Bondye. Ou te rafine nou tankou ajan konn rafine.
Po rafine se pou ajan, e founo se pou lò; men SENYÈ a ap sonde tout kè.
Tankou syèl la nan wotè a, ak tè a nan pwofondè a, se konsa kè a wa a ensondab.
Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan, se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
“Fis a lòm, lakay Israël la te vin dechè pou Mwen. Yo tout se bwonz, fè blan, fè ak plon nan fou. Yo se dechè ajan.
pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a.