Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 25:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Tankou yon gran vil ki kase antre san miray, se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Si ou pa kapab kontwole kòlè ou, ou tankou yon lavil san ranpa. Y'ap anvayi l fasil. Y'ap mete men sou ou fasil.

参见章节 复制




Pwovèb 25:28
8 交叉引用  

Konsa, li te pran kouraj, e te rebati tout mi ki te kraze yo e te fè yo monte nan nivo tou li yo. Li te ranfòse lòt miray pa deyò pou te fè Millo lavil David la pi solid, e li te fè zam avèk boukliye defans an gran kantite.


Yo te di mwen: “Retay ki la nan pwovens lan, ki te chape e ki te reziste malgre kaptivite a nan gwo pwoblèm ak dezolasyon. Miray Jérusalem nan kraze nèt e pòtay li yo fin brile ak dife.”


Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.


Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa; pa chache lanmò li.


Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.


Pa asosye ak yon nonm ki livre a kòlè; oswa ale ak yon moun kolerik,


Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.


Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”


跟着我们:

广告


广告