23 Van nò pote lapli e yon lang medizan, pote yon move vizaj.
23 Tripotay fè moun fè kòlè, menm jan nòde bay lapli.
Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan.
Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.
Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
ki pa fè kout lang sou lòt, ni fè vwazen li mal, ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
Kon giyon vilgè, yo te fè konsi yo ta mòde m ak dan yo.
Akoz mank bwa, dife a etenn; lè ti koze sispann, rayisman vin kalme.
Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo,
Paske mwen pè ke petèt lè m vin kote nou, pou mwen pa twouve nou jan mwen swete l la, e pou nou pa jwenn mwen jan nou swete l la; pou petèt kapab genyen kont, jalouzi move jan, dispit, kout lang tripotay, awogans, ak tapaj.