5 Yon nonm saj byen fò, e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
5 Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki grannèg.
Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo. Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.
Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan, e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
Paske ak konsèy saj ou va fè lagè, e ak konseye an abondans, gen viktwa.
Konsèy ak bon sajès se pou mwen. Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil.
Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?
sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf; yo va monte anwo ak zèl kon èg. Yo va kouri, e yo p ap bouke; yo va mache, e yo p ap fatige.
ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa,