12 Aplike kè ou a disiplin ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
12 Mete tèt ou anplas lè y'ap moutre ou kichòy. Louvri zòrèy ou lè yon moun ki gen konesans ap pale.
Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
Paske Redanmtè yo a pwisan. Li va plede ka yo kont ou.
Pa ralanti disiplin sou yon timoun; malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.
Koute, fis mwen an, vin saj pou dirije kè ou nan chemen an.
Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.
Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”