Alò, yon sèten fanm pami madanm fis a pwofèt yo te kriye kont Élisée: “Sèvitè ou a, mari mwen an mouri e ou konnen ke sèvitè ou te gen lakrent SENYÈ a. Konsa, mesye ki vèse prè kòb la, gen tan parèt pou pran de pitit mwen yo kòm esklav li.”
Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.
Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat, Mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan, e malere yo pou achte de grenn sapat.
Tande pawòl sa a, nou menm, vach Basan k ap rete sou mòn Samarie yo, k ap oprime malere, k ap kraze sila ki nan bezwen yo, ki di a mari nou yo: “Pote bwason nou!”
Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesyè a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.