Paske se konsa Sila ki wo e egzalte, Sila ki viv jis pou tout tan an, non a Li se Sila ki Sen an, pale: “Mwen rete nan kote ki wo e ki sen, anplis ak li menm ki gen kè ki pi e ki enb, pou fè leve lespri a enb yo, e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
Nan lè sa a bon konprann mwen te retounen sou mwen. Epi majeste ak mayifisans mwen te restore a mwen menm pou glwa a wayòm mwen an. Konsa, konseye mwen yo ak prens mwen yo te kòmanse chache twouve mwen. Mwen te retabli nan wayòm mwen, e pi bon pi gwo pwisans te vin ogmante sou mwen.
Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.