17 Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo; epi aplike ou a konesans mwen.
17 Louvri zòrèy ou, koute pawòl moun ki gen bon konprann yo. Chache konprann sa m'ap moutre ou la a.
Koute, O pèp mwen an a lenstriksyon mwen. Panche zòrèy Ou vè pawòl a bouch mwen.
Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo, pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès, ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
Aplike kè ou a disiplin ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.
Sila yo, anplis, se pawòl a sajès: Fè patipri nan jijman pa bon.
Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an, men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
Mwen te dirije panse m pou konnen; pou fè ankèt e chache sajès avèk rezon, e pou konnen mechanste se foli; e foli menm rive fè moun fou.
Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit),
Tout sa mwen konn wè yo, e kon aplike panse m a tout zèv ki te fèt anba solèy la, kote moun sèvi otorite l sou lòt pou fè mal la.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen. Koute pou nou ka viv. Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan, selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”