7 Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati, akoz yo refize aji ak jistis.
7 Move zak mechan yo ap fè a ap fini ak yo, paske yo derefize fè sa ki dwat devan Bondye.
Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li, e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
Senyè a te leve tèt Li pou yo wè; Li te rann jijman an. Nan zèv a pwòp men Li, mechan an kole nan pwòp pèlen li. Tan
Benediksyon se sou tèt a moun dwat la; men bouch mechan an kache vyolans.
Sila ki swiv ladwati ak fidelite a jwenn lavi, ladwati ak lonè.
Mwen va jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li, e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a, gade byen, li va mouri nan inikite li a.
Nou menm ki fè jistis vin tounen lanvè, e ki jete ladwati rive jis atè yo,
Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo.