Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 21:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Devan Senyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.

参见章节 复制




Pwovèb 21:30
20 交叉引用  

Men Urie te dòmi kote pòt lakay wa a avèk tout sèvitè a mèt li yo. Li pa t desann lakay li.


Lè Achija te tande son a pye li ki t ap antre nan pòtay la, li te di: “Antre, madanm a Jéroboam, poukisa w ap fè kòmsi se yon lòt fanm ou ye a? Paske mwen te voye kote ou avèk yon mesaj byen di.


Youn nan sèvitè li yo te di: “Non, mèt mwen, O wa a; men Élisée, pwofèt ki an Israël la ap pale wa Israël la pawòl ke ou pale menm nan chanm dòmi ou.”


Èske ou kab mete yon kòd nan nen l, oswa pèse machwè l ak yon zen?


Plan nan kè lòm yo anpil; men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.


Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l.


Paske SENYÈ dèzame yo te fè yon plan e se kilès ki ka anpeche l? Epi pou men lonje pa l la, se kilès ki ka fè l fè bak?”


Mwen di ou ke Konsèy nou ak fòs pou fè lagè nou pa plis pase pawòl vid. Alò, de kilès nou va depann lè nou fè rebelyon kont mwen an?


Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a— yon veso fèt ak tè pami veso latè yo! Èske ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’ Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?


Konsa pale SENYÈ a: “Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li. Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li, ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.


Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè te vin pi move kont yo.


“Donk, nan ka prezan an, mwen di nou, rete lwen de moun sa yo, e pa okipe yo, paske si plan oubyen aksyon sa a sòti nan lòm, li va boulvèse.


Men si se nan Bondye, nou p ap kab boulvèse yo; sinon nou kab menm twouve ke n ap goumen kont Bondye menm.”


Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.”


Epi: “yon wòch pou fè moun bite e yon wòch ofans.” Yo bite konsa akoz yo dezobeyisan a pawòl la, e se pou move desten sila a, yo te deziye.


跟着我们:

广告


广告