Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 21:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Moun mechan an afiche yon figi brav; men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Mechan toujou pran pòz radi l. Men, moun ki mache dwat la konnen sa l'ap fè.

参见章节 复制




Pwovèb 21:29
20 交叉引用  

O ke chemen mwen yo kapab vin etabli pou kenbe règleman Ou yo!


Mwen te konsidere chemen mwen yo, e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.


Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.


A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a! Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.


Yon nonm ki fè tèt di apre anpil repwòch va vin kraze sibitman san remèd.


Kite zye ou gade tou dwat devan e kite vizyon ou konsantre devan nèt.


Veye wout pye ou konn pran e tout chemen ou yo va byen etabli.


Konsa, li sezi li, bo li; e ak figi byen ranje, li di li:


Se kilès ki tankou nonm saj ki konnen sans a yon bagay? Sajès a yon nonm klere li e fè vizaj sevè li a vin briye.


O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t sanse doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri.


Alò, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!


Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Konsidere chemen nou yo!


Alò, koulye a, m ap priye nou byen konsidere sa soti nan jou sa a pou gade dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a.


Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm.


跟着我们:

广告


广告