Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 2:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a, e moun trèt yo va dechouke de li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Men, y' ap disparèt mechan yo nan peyi a. Y'ap rache moun ki nan foub yo tankou yo rache move zèb.

参见章节 复制




Pwovèb 2:22
20 交叉引用  

Anplis, SENYÈ a va fè leve pou kont Li, yon wa sou Israël ki va koupe lakay Jéroboam. Men jou sa rive! E kisa? Wi. Koulye a menm!


Konsa, Saül te mouri pou mal ke li te fè kont SENYÈ a, akoz pawòl a SENYÈ a ke li pa t kenbe; epi osi, paske li te fè demand a youn nan sila ki pale ak mò yo, pou mande konsèy,


Paske mechan an, li menm, konsève pou gwo jou malè a; Y ap vin parèt nan jou kòlè a.


Kite pechè yo vin disparèt sou tè a, E mechan yo vin pa la ankò. Beni SENYÈ a, O nanm mwen. Bay SENYÈ a lwanj!


SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo, men mechan yo, Li va detwi


Men mechan yo va peri. Lènmi a SENYÈ a, tankou laglwa a bèl chan yo. Yo va vin disparèt. Tankou lafimen, yo ale nèt.


Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a, men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.


Paske SENYÈ a renmen jistis, e li pa abandone fidèl li yo. Yo prezève pou tout tan, men mechan yo va vin koupe retire nèt.


Men Bondye va kase fè ou desann nèt; Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou sòti nan tant ou an, Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan


“Gade byen, men nonm ki refize pran refij nan Bondye a, men ki te mete konfyans nan abondans richès li yo. Li te ranfòse tèt li ak mechanste.”


Moun ladwati a p ap janm souke; men mechan yo p ap demere nan peyi a.


Entegrite a moun dwat la va gide yo; men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.


SENYÈ a p ap janm dakò pou padone li, men pito, lakòlè SENYÈ ak jalouzi Li va brile kont nonm sa a. Konsa, tout madichon ki ekri nan liv sa a, va vin rete sou li, e SENYÈ a va efase non li anba syèl la.


SENYÈ a te dechouke yo nan peyi pa yo a nan kòlè Li. Avèk gwo mekontantman, Li te rache yo soti nan peyi yo pou jete yo nan yon lòt peyi, jan li ye kounye a.”


“SENYÈ a, Bondye nou an, va netwaye retire nasyon sa yo devan nou mòso pa mòso. Nou p ap kab fini avèk yo vit yon sèl kou, paske bèt sovaj yo ta vin peple twòp pou nou.


跟着我们:

广告


广告