Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason, epi chè sen an fin kite ou? Lè ou te fè mal sa a, konsa, ou te rejwi.”
Pou Kaldeyen yo, yo rale yo fè yo tout monte ak yon zen. Yo rale pote yo ale ak pèlen, e ranmase yo ansanm nan filè pwason. Se konsa y ap rejwi e fè kè kontan.
Nan jou sa a, ou p ap vin gen okenn wont pou zak avèk sila ou te fè rebèl kont Mwen yo; paske nan lè sa a Mwen va retire nan mitan nou, sila ki plen ak ògèy nou yo. Konsa, nou p ap janm vin awogan ankò sou mòn sen Mwen an.
Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.