Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo.
Alò, konsa, pa aji tankou mokè yo, pou chenn ki mare nou yo pa vin pi rèd. Paske mwen te tande soti nan Senyè BONDYE dèzame yo, desizyon deja fèt pou detwi tout latè a.
Konsa, li va rive ke si nonm ki mechan an, merite bat, jij la va fè li kouche, e fè bat li nan prezans li avèk fòs kantite kou ki koresponn avèk koupabilite li a.