11 Yon nonm ak bon konprann lan nan kòlè; se glwa li pou bliye yon transgresyon.
11 Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire sòti byen anraje.
Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo; men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.
Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.
Sila ki lan nan kòlè a, gen gwo konprann; men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.
Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli; men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.
Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo; e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.
Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.
Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”; tann SENYÈ a, e Li va sove ou.
Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respe; alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.
Si lènmi ou grangou, ba li manje; epi si li swaf, ba li dlo pou l bwè;
Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.
Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè.