Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 17:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Anplis, li pa bon pou pini moun dwat la, ni pou frape prens yo akoz entegrite yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Se pa jistis pou inonsan peye pou koupab. Pa gen jistis lè yo bat moun ki pa fè mal.

参见章节 复制




Pwovèb 17:26
10 交叉引用  

“Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?”


Alò, pou sa, leve ale deyò a pou pale pawòl ki dous avèk sèvitè ou yo. Paske mwen sèmante pa SENYÈ a ke si ou pa sòti deyò, anverite, p ap gen yon moun k ap pase nwit lan avèk ou e sa va pi mal pou ou pase tout lòt mal ki gen tan parèt sou ou soti nan jenès ou jis rive koulye a.”


Mwen fèb jodi a, malgre m onksyone kòm wa. Mesye sila yo, fis a Tseruja yo twò difisil pou mwen! Ke SENYÈ a rekonpanse malfektè a selon mechanste li a.”


Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la; tou de abominab a SENYÈ a.


Panche vè youn moun mechan an pa bon, ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.


Alò, rasanble nou an twoup lame, O fi a lame yo. Li fin fè syèj kont nou. Ak gwo baton, yo va frape jij Israël la sou machwè.


Lè Li te di sa, youn nan ofisye yo te frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”


跟着我们:

广告


广告