25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l, ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
25 Yon timoun ki san konprann, se chagren pou papa l, se gwo lapenn pou manman l ki fè l.
Alò, li te pale a Joab: “Gade byen, wa a ap kriye e fè lamantasyon pou Absalom.”
Pwovèb a Salomon yo. Yon fis ki saj fè papa li kontan, men yon fis ki plen ak foli se yon gwo doulè pou manman l.
Yon fis ki saj fè papa l kontan; men yon gason ensanse meprize manman l.
Sila ki fè pitit ki san konprann nan, fè l nan tristès; e papa a yon moun ensanse pa gen kè kontan.
Se yon fis plen foli k ap detwi papa l, e yon madanm k ap diskite a se tankou dlo kap degoute san rete.
Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan; kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
Baton ak repwòch bay sajès; men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.