Annou rekonèt SENYÈ a; annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a. Aparans Li asire tankou solèy k ap leve granmmaten. Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli, tankou lapli prentan k ap wouze latè.
Zye Ou twò pafè pou gade mal, e Ou pa ka menm gade mechanste. Poukisa Ou sipòte sila ki trèt yo? Poukisa Ou rete an silans pandan mechan yo ap vale sila ki pi jis pase yo?
Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.