Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 15:30 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

30 Zye klè fè kè kontan; bòn nouvèl kon mete grès sou zo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

30 Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bòn nouvèl.

参见章节 复制




Pwovèb 15:30
14 交叉引用  

Men koulye a, pou yon ti moman, gras la te parèt soti nan SENYÈ a, Bondye nou an, pou kite pou nou, yon retay ki chape, pou bay nou yon pati nan kote sen Li an, pou Bondye nou an ta kapab klere zye nou e fè nou twouve yon ti amelyorasyon nan esklavaj nou an.


A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni! O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.


Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann; men yon bon pawòl fè l leve.


Limyè a moun dwat la se rejwisans; men lanp a mechan an va etenn.


SENYÈ a lwen mechan an; men Li tande lapriyè a moun dwat yo.


Zòrèy k ap koute repwòch ap viv; zore ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.


Yon kè kontan se bon remèd; men yon lespri brize seche tout zo.


Tankou dlo frèt pou yon nanm fatige, se konsa yon bòn nouvèl ki sòti nan yon peyi lwen.


Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou, ak rafrechisman a zo ou.


Limyè a byen bèl, e li bon pou zye wè solèy la.


Epi SENYÈ a va gide ou tout tan, satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo, e bay fòs a zo ou yo. Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.


Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.


Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告