17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou, pase yon bèf gra ak rayisman.
17 Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou manje bon jan vyann ak moun ki rayi ou.
Pi bon se piti ak ladwati pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.
Pi bon se yon mòso pen sèch ak lapè pase yon kay ak gwo manje nan konfli.
Li pi bon pou rete nan dezè pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
“Ankò li voye lòt esklav pou di: “Gade, mwen prepare anpil manje. Bèf avèk anpil lòt bèt gra gen tan fin kòche. Tout bagay prè. Vini nan fèt maryaj la.
Anplis mennen jenn ti bèf byen gra a; touye li, e annou manje pou fè fèt.
Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon,
Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.