Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Pwovèb 14:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan; menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

33 Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.

参见章节 复制




Pwovèb 14:33
10 交叉引用  

Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.


Yon moun pridan kache sa li konnen; men kè moun san konprann pale jis nan foli.


Tout moun ki pridan aji ak konesans; men yon moun san konprann parèt ak foli li.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


Ladwati leve yon nasyon; men peche se yon gwo wont pou yon pèp.


Lang a saj la gen pou mèt, konnesans; men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.


Kè a moun dwat la reflechi anpil pou bay repons; men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.


Paske, sajès va antre nan kè ou, e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.


Moun san konprann toujou fache; men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.


Menm lè ensanse a mache nan lari li manke bon tèt. Li montre tout moun ke se moun fou li ye.


跟着我们:

广告


广告