Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.
Men kèk nan sila ki te malere nèt yo, ki pa t gen anyen yo, Nebuzaradan, chèf gad yo, te kite yo dèyè nan peyi Juda, e te bay yo chan rezen ak chan pou yo kiltive nan menm lè sa a.
Men dis nan mesye ki te pami yo te di a Ismaël: “pa mete nou a lanmò, paske nou gen depo ble, lòj, lwil ansanm ak siwo myèl ki kache nan chan an.” Akoz sa, li te ralanti e pa t mete yo ansanm ak zanmi parèy yo a lanmò.