Lè m fenk kite yo mwen te jwenn sila ke nanm mwen renmen an. Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m, pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”