Lè Mwen di a mechan an: ‘Ou va, anverite, mouri’ e ou pa avèti li, ni pale fò pou avèti mechan an pou kite chemen mechan l lan, pou l ka viv, mechan sila a va mouri nan inikite li, men san li, mwen va egzije li soti nan men ou.
Yo te touye wa a Madian yo ansanm avèk lòt ki te mouri yo: Evi, Rékem, Tsur, Hur, ak Réba, senk wa a Madian yo. Yo osi te touye Balaam fis a Beor a avèk nepe.
Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.