17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat; men yon fo temwen twonpe.
17 Lè ou di verite nan tribinal, ou rann lajistis sèvis. Men, temwen k'ap bay manti, se lenjistis l'ap ankouraje.
Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.
Genyen yon moun ki pale san pridans tankou sila k ap goumen ak nepe yo; men lang a saj la pote gerizon.
Yon vrè temwen sove lavi a moun; men sila ki pale manti pase moun nan betiz.
Yon temwen fidèl p ap bay manti; men yon fo temwen pale manti.
Yon temwen ki fè dezòd moke lajistis; e bouch mechan an gaye inikite.
Yon fo temwen pa prale san pinisyon; e sila ki fè manti a, p ap chape.
Yon fo temwen va peri; men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz, e pa bay manti ak lèv ou.
Yon fo temwen ki bay manti, ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo.
“Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.
Epi chèf prèt yo avèk tout Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò.
Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa.
Epi kenbe yon bon konsyans, pouke nan bagay ke yo pale mal de nou yo, sila ki pale mal de nou an, akoz bon konpòtman nou nan Kris la, kapab vin wont.