7 Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.
7 Lè yon mechan mouri, sa l t'ap tann lan mouri ansanm avè l. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l anyen.
Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.
Lespri li pa rete; li retounen nan tè a. Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.
Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo; men destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.
Moun dwat la va delivre soti nan twoub; men mechan an va pran plas li.
Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
Èske ou va di: ‘Mwen se yon dye’, nan prezans a sila ki te touye ou a? Donk, ou se yon nonm e ou pa Bondye, nan men a sila ki blese ou yo.