28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan; men entansyon mechan an va peri.
28 Sa moun k'ap mache dwat yo ap tann lan va rive vre. Men, mechan yo p'ap janm jwenn sa y'ap tann lan.
Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
Mechan an va wè l e l ap vekse nèt. Li va manje dan l e vin fonn pou l disparèt. Dezi a mechan an va peri.
Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans. Anplis, chè m va toujou pwoteje.
Chante a Bondye! Chante lwanj a non Li! Leve wo pou Sila ki monte sou nwaj yo: non l se SENYÈ a! Rejwi devan Li an!
Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon; men dezi a mechan an mennen jijman.
Lè yon nonm mechan mouri, sa li anvizaje a mouri avè l.
Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.
Pa transgresyon yon nonm mechan vin pran nan pyèj nèt; men moun dwat la va chante e rejwi.
rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.
Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a.
Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la