Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 9:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pa rejwi, O Israël, ak lajwa kon nasyon yo! Paske ou te fè pwostitisyon. Ou te abandone Bondye ou a. Ou te renmen salè kòb ki konn ranmase sou nenpòt glasi vannen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Nou menm pèp Izrayèl, pa fè kè nou kontan! Sispann fè fèt tankou moun lòt nasyon yo. Nou vire do bay Bondye nou an, nou pa kenbe pawòl nou te gen avè l la. Tankou fanm ki nan dezòd, nou kouche kote nou jwenn glasi pou ti grenn yo fè nou kado.

参见章节 复制




Oze 9:1
24 交叉引用  

Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri. Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.


Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.


Men pito, nou va akonpli tout pawòl ki te sòti nan bouch pa nou, lè n ap brile sakrifis a rèn syèl la, e vide bwason devan l, menm jan ke nou menm, ak papa zansèt nou yo, wa nou yo, ak prèt nou yo te konn fè nan vil Juda yo ak nan ri a Jérusalem yo. Paske nan lè sa a, nou te gen kont manje, nou te byen alèz e nou pa t konn soufri malè.


Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom nan, ki rete nan peyi Uts la. Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou. Ou va vin sou. Ou va vin toutouni.


“‘“Men ou te mete konfyans nan bèlte ou; ou te jwe pwostitiye akoz tout rekonesans ou. Ou te vide pwostitisyon ou an nan tout moun ale vini ki te disponib.


“‘“A la kè ou fèb!” deklare Senyè BONDYE a, “pandan w ap fè tout bagay sa yo, aksyon a yon pwostitiye ki san wont.


“‘“Sa ki vini nan lespri nou an, se pa sa k ap rive vrè, lè nou di: ‘Nou va tankou lòt nasyon yo, tankou fanmi a peyi yo, k ap sèvi bwa ak wòch yo.’


File pou fè yon masak, klere pou tire kon kout loray! Èske se konsa nou dwe fè kè kontan? Baton fis Mwen an, kondannen denyè pyebwa a.


Pèp Samarie yo va gen lakrent akoz jenn bèf Beth-Aven nan. Anverite, pèp li a va fè lamantasyon pou li, ak prèt zidòl yo k ap kriye pou li, pou glwa li, akoz sa fin ale kite li nèt.


Mwen va detwi pye rezen li yo ansanm ak pye fig fwi etranje yo selon sila li te di: ‘Sa yo se salè mwen, ke moun ki renmen m yo te ban mwen.’ Mwen va fè yo tounen yon rakbwa, e bèt chan va devore yo.


Pèp mwen an mande konsèy a zidòl ki fèt ak bwa yo. Paske yon lespri pwostitisyon te egare yo; yo te enfidèl a Bondye yo a.


Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a, paske, yon lespri pwostitisyon rete anndan yo. Yo pa konnen SENYÈ a.


Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.


“Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”


Ofri yon ofrann remèsiman, sitou sa ki gen ledven ladan, epi pwoklame ofrann bòn volonte yo. Fè l parèt wo pou moun wè! Paske se konsa nou renmen fè l, nou menm, fis Israël yo,” deklare SENYÈ a.


Nou menm k ap rejwi nan yon bagay ki pa anyen, epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj nou nou rive pran kòn nan pou nou?’


Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy; tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon. Mwen va fè nou pote twal sak sou senti a tout moun, ak tèt chòv sou tout tèt. Mwen va fè li tankou yon moman dèy pou yon sèl fis inik, e lafen li tankou yon jou anmè.


Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste.


Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.


跟着我们:

广告


广告