Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm. Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm. Ak ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo, jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
“Pou sila nan nou ki kab toujou rete la yo, Mwen va osi pote feblès nan kè yo pandan yo nan peyi lènmi yo. Konsa, bwi a yon fèy k ap kouri nan van va fè kè yo sote, e menmlè pèsòn pa kouri dèyè yo, yo va sove ale tankou se devan nepe, e yo va tonbe.
Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat; Mwen p ap retire pinisyon an, akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe e te refize gen pitye. Mekontantman li te dechire tout tan, e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.
“SENYÈ a va lakoz ke nou vin bat devan lènmi nou yo. Nou va sòti yon direksyon kont yo e nou va sove ale nan sèt direksyon devan yo. Konsa, nou va jete ale retou pami tout wayòm latè yo.