Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 8:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo, se koulye a, Mwen va ranmase yo. Yo kòmanse vin febli akoz presyon a wa de sa yo ak pwisans.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Atout yo bay lòt nasyon yo kado, kounyeya mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout.

参见章节 复制




Oze 8:10
21 交叉引用  

Paske SENYÈ a te wè soufrans Israël ki te tèlman anmè; paske pa t gen ni esklav, ni lib, ni pa t gen okenn moun ki pou ede Israël.


Salmanasar, wa Assyrie a, te monte kont li, Osée te devni sèvitè li e te peye li taks obligatwa.


Men wa Assyrie a te jwenn konplo nan Osée, ki te konn voye mesaje kote So, wa Égypte la, e li pa t prezante taks a wa Assyrie a jan li te konn fè ane pa ane a. Pou koz sa a, wa Assyrie a te fèmen li nan prizon byen mare.


Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.


Paske li di: “Èske tout prens mwen yo pa wa yo?


ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte!


Konsa Rabschaké te kanpe e te kriye ak yon gwo vwa an Jideyen. Li te di: “Tande pawòl a gran wa a, wa Assyrie a.


Yo te di a Jérémie, pwofèt la: “Souple, kite demand nou an vin parèt devan ou, e priye SENYÈ a, Bondye ou a, pou nou; pou tout retay sa a, akoz nou se sèlman kèk grenn ki rete pami anpil nan nou, jan zye ou konn wè nou an,


Mesye yo konn bay kado a tout pwostitiye, men ou te bay kado ou a tout moun ki renmen ou yo pou rale yo vin kote ou sòti nan tout direksyon pou zak pwostitisyon ou yo.


akoz sa, gade byen, Mwen va rasanble tout moun ki renmen ou yo avèk sila ou te pran plezi yo, menm tout sila ke ou te renmen yo, ak tout sila ou te rayi yo. Konsa, Mwen va rasanble yo kont ou soti nan tout direksyon e Mwen va fè toutouni ou an vin parèt a yo menm pou yo ka wè toutouni ou an nèt.


Jan yo rasanble ajan, bwonz, fè, plon, ak fè blan nan fou pou soufle dife sou li pou fann li, konsa, Mwen va rasanble nou nan mekontantman Mwen ak nan chalè kòlè Mwen, e la, Mwen va depoze nou pou fann nou.


“Ohola te jwe pwostitiye a pandan li te pou Mwen an. Li te kouri ak anvi dèyè moun ki renmen li yo, dèyè Asiryen yo, vwazen li yo.


“Paske konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen va mennen sou Tyr soti nan nò Nebucadnetsar, wa Babylone nan, wadèwa a, ak cheval, cha, kavalye ak yon gwo lame.


Ou menm, O wa, ou se wadèwa yo, a sila Bondye syèl la te bay wayòm nan, pouvwa, pwisans ak glwa a.


Lè se volonte Mwen, Mwen va bay yo chatiman. Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo.


Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.


Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Yon fwa ankò nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la.


跟着我们:

广告


广告