Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo, men yo rele fò sou kabann yo. Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf. Men yo vire kite Mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y'ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m.

参见章节 复制




Oze 7:14
23 交叉引用  

Epi nan jou ki te vini an, yo te leve bonè. Yo te ofri ofrann brile a, e yo te pote ofrann lapè yo. Konsa, pèp la te chita pou manje, pou bwè, e yo te leve pou jwe.


Senyè a te di: “Akoz pèp sa a rapwoche ak pawòl pa yo, e onore Mwen ak lèv yo, men yo retire kè yo byen lwen Mwen, e akoz adorasyon yo pou Mwen fèt pa tradisyon ki aprann pa kè,


Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a, “konsi pèp Mwen an te retire san koz?” Ankò deklare SENYÈ a: “Konsi, pèp Mwen rachte pou reyen, epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan, e non Mwen blasfeme tout lajounen,


Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.


Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin. Yo grandi. Wi, yo fè fwi. Ou toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.


Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.


Kè yo te kriye fò a Senyè a. O miray a fi Sion an, kite dlo sòti nan zye ou lajounen kon lannwit. Pa aksepte okenn soulajman; 'Pa kite zye ou pran repo.


Samarie va pote koupabilite li, paske li te fè rebèl kont Bondye li a. Yo va tonbe pa nepe. Timoun piti yo va vin kraze an mòso, epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.


Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè; yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye. Konsa, yo te bliye Mwen.


Se destriksyon pa w, O Israël! Akoz ou kont Mwen, kont sekou ou.


Alò, SENYÈ a te di mwen: “Ale ankò, renmen ak yon fanm ki renmen pa yon lòt, malgre se yon fanm adiltè, menm jan ke SENYÈ a renmen fis Israël yo, poutan, yo vire vè lòt dye yo, e yo renmen gato rezen yo.”


Yo va rele a Mwen menm: ‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’


Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl, sou vètman ki te pran kon garanti yo. Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan ki te bay pou peye amann yo.


Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a. “Kadav yo va anpil. Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.


Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.


“Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan?


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo.


Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.


Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo.


Yo te antre nan chan an pou te ranmase rezen, te kraze yo anba pye e te fè yon fèt. Konsa, yo te antre lakay dye pa yo pou te manje, bwè, e te modi Abimélec.


跟着我们:

广告


广告