Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 6:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men yo menm, tankou Adam te kase transgresyon akò a. La, yo pa t fidèl anvè Mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Men, yo menm, rive yo rive Adam, yo pa kenbe kontra mwen te pase ak yo a. Lamenm, yo vire do ban mwen, yo pa kenbe pawòl yo.

参见章节 复制




Oze 6:7
18 交叉引用  

Epi Li te di li, kilès ki te di ou ke ou te toutouni? Èske ou te manje nan pyebwa e M te di ou pa manje a?


Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.


Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.


Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam? Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,


Soti nan dènye pwent latè, nou tande chan yo: “Glwa a Sila Ki Dwat la,” men mwen di: “Malè a mwen menm! Malè a mwen menm! Elas pou mwen! Moun trèt yo aji an trèt e moun trèt yo aji an trèt anpil.”


Anplis, latè vin plen ak pouriti a moun k ap viv ladann, paske yo te transgrese lalwa yo, vyole règleman yo, e te kraze akò letènèl la.


Anverite, Ou pa t konn tande yo, ni ou pa t konnen yo. Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri, paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken. Depi nan nesans ou, se rebèl ou te ye.


Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l.


pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a.


Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo—


Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.


Abitasyon ou se nan mitan desepsyon. Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.


Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.


Mete twonpèt la sou lèv ou yo! Yon bagay tankou malfini vini kont lakay SENYÈ a; akoz yo te transgrese akò Mwen an, e fè rebèl kont lalwa Mwen an.


Malgre sa, lanmò te renye soti nan Adam jiska Moïse, menm sou sila ki pa t fè peche yo sanblab ak ofans Adam an, ki se te yon pòtre a Sila ki te gen pou vini an.


Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an.


Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo nan jou ke M te pran yo nan men pou mennen yo sòti an Égypte la; paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a.


跟着我们:

广告


广告