Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 6:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Senyè a di: — Nou menm moun Efrayim, kisa pou m fè ak nou? Nou menm moun Jida, kisa pou m fè ak nou? Nou renmen m, se vre. Men se pou yon ti tan. Ou ta di yon ti nyaj ki pase anvan solèy leve. Wi, tankou lawouze ki disparèt anvan solèy fin leve.

参见章节 复制




Oze 6:4
19 交叉引用  

Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak desepsyon”, deklare SENYÈ a.


“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”


Malgre sa, nan tan sa a, nou te vire fè sa ki dwat nan zye M, chak moun te pwoklame libète a vwazen li e nou te fè yon akò avèk Mwen nan kay ki rele pa non Mwen an.


“Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale.


Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a.


“Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen pa dwe pran vanjans?


Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv; paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?


Kòman Mwen ta kapab lage ou, O Éphraïm? Kòman Mwen ta kapab kite ou ale, O Israël? Kòman Mwen ta kapab fè ou tankou Adma? Kòman Mwen ta kapab aji avèk ou tankou Tseboïm? Kè M vire nèt anndan M; konpasyon Mwen vin anflame.


Akoz sa, yo va tankou nwaj nan maten an ak lawouze k ap disparèt bonè, tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen, e tankou Lafimen soti nan chemine.


Lè M ta geri blesi Israël, inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, ak mechanste a Samarie a tou; paske yo aji nan manti. Vòlè a antre, bandi yo atake pa deyò.


men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite.


Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.


跟着我们:

广告


广告