Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 5:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li. Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo. Anplis, Juda va tonbe avèk yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Awogans moun Izrayèl yo, se sa menm k'ap kondannen yo. Wi, moun Efrayim sa yo tonbe akoz peche yo. Menm moun Jida yo ap bite ansanm ak yo tou.

参见章节 复制




Oze 5:5
25 交叉引用  

Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon; men desandan a moun dwat yo va delivre.


Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa; men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.


Mechan an jete anba pa malfezans li; men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.


paske yon nonm ladwati tonbe sèt fwa e leve ankò, men se nan lè gwo malè ke mechan an tonbe.


Gen yon kalite—O, jan zye li leve wo, e pòpyè zye li leve ak awogans.


Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz pawòl ak zak yo kont SENYÈ a; pou yo fè rebèl kont prezans sen Li an.


Vizaj figi yo fè temwen kont yo, e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome. Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm! Paske yo mennen mal la vin tonbe sou yo.


Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen. Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis. Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen. Yo pa ka menm vin wont.


Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou, e peche nou yo temwaye kont nou. Paske transgresyon nou yo rete avèk nou e nou konnen inikite nou yo:


Malgre inikite nou yo temwaye kont nou, O SENYÈ, aji pou koz a non Ou! Rebelyon nou anpil. Nou te peche kontre Ou.


Pwòp mechanste ou va korije ou, e enfidelite ou va repwoche ou. Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou te abandone SENYÈ a, Bondye ou a. Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.


Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.


Pran avèk ou menm pawòl yo, pou retounen kote SENYÈ a. Di Li: “Retire tout inikite nou yo, e resevwa nou ak gras Ou, pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.


Konsa, nou va glise tonbe nan lajounen e menm pwofèt la va glise tonbe avèk nou nan lannwit. Epi Mwen va detwi manman ou.


Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm, e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda. Mwen menm, Mwen va chire an mòso e Mwen va ale. Mwen va pote ale, e p ap gen moun ki pou delivre.


Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li, men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.


Paske Israël te bliye Kreyatè li. Li te bati palè yo. Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo; men Mwen va voye dife sou vil li yo, e konsa, li va devore gwo palè li yo.


Li fin tonbe, li p ap leve ankò— Vyèj Israël la. Li kouche byen neglije sou tèren li; nanpwen moun ki pou leve l.


An konsekans, nou temwaye kont pwòp tèt pa nou; ke nou menm se fis a moun ki te touye pwofèt yo.


“Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?


跟着我们:

广告


广告