Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 5:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen konnen Éphraïm e Israël pa kache devan M; paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye. Israël te souye tèt li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Wi, moun Izrayèl sa yo, nanpwen anyen mwen pa konnen sou yo. Y'ap aji tankou jennès. Yo kite mwen pou ale jwenn lòt bondye. Wi, moun Izrayèl sa yo mete tèt yo nan kondisyon kote yo pa ka sèvi mwen.

参见章节 复制




Oze 5:3
24 交叉引用  

Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt.


SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.


Paske Syrie, Éphraïm ak fis a Remalia yo, te fè plan mechanste kont ou e te di:


Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”


Éphraïm manje sou van, e kouri dèyè van lès la. Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans. Anplis, li fè yon akò ak Assyrie e lwil vin pote an Égypte.


Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman. Li te leve tèt li wo an Israël; men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.


Mwen te pran swen ou nan dezè a, nan peyi sechrès la.


Éphraïm vin oprime, Li vin kraze nan jijman an, akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.


“Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.


Éphraïm va vin yon kote dezole nan jou repwòch la; Pami tribi Israël yo, Mwen deklare sa ki va rive.


Nan lakay Israël, Mwen te wè yon move bagay. Gen pwostitisyon nan Éphraïm. Israël souye pwòp tèt li.


Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm? Kisa pou M fè ak ou, O Juda? Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten, tankou farinay ki disparèt bonè.


Akoz Éphraïm te miltipliye lotèl pou fè peche yo, Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.


“Nou sèlman, Mwen te chwazi pami tout fanmi sou latè yo. Akoz sa, Mwen va pini nou pou tout inikite nou yo.”


Paske Mwen konnen transgresyon nou yo vin anpil e peche nou yo vin gran; nou menm ki boulvèse moun dwat yo, ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo, e ki detounen malere a nan pòtay la.


Tankou premye ne a bèf li, lonè pou li. Kòn li yo se kòn a bèf mawon. Avèk yo, li va bourade pèp yo, jis a sila a ki nan pwent latè yo. Sila yo se di-mil a Ephraïm yo. Yo se milye yo a Manassé.”


Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije ran kont.


Mwen konnen zèv nou yo, ke nou pa ni frèt ni cho. Mwen ta pito ke nou te frèt oswa cho.


跟着我们:

广告


广告