Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 4:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Se konsa sa va ye: jan pèp la ye a, se konsa prèt la ye. Akoz sa, Mwen va pini yo pou chemen yo, e Mwen va rekonpanse yo pou zak yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Sa k'ap rive pèp la, se sa k'ap rive nou tou, nou menm prèt yo. M'ap regle nou pou tout move mès nou yo. M'ap fè nou peye tou sa nou fè ki mal.

参见章节 复制




Oze 4:9
23 交叉引用  

Si moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè, konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!


Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li, e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.


Pwòp inikite a mechan an va kaptire li. Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.


Pèp la menm jan ak prèt la, sèvitè a tankou mèt li, sèvant lan tankou mètrès li, sa k ap achte tankou sa k ap vann, sila k ap fè prè a tankou sila k ap prete a, sila ki resevwa kredi a tankou sila k ap bay kredi a.


Di a moun dwat yo sa prale byen pou yo, paske yo va manje fwi a zèv yo.


Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?


“‘“Men Levit ki te ale lwen Mwen lè Israël te vin egare a, ki te vin egare kite Mwen ki t ap kouri dèyè zidòl yo, va pote pinisyon pou inikite pa yo.


Akoz yo te fè sèvis pou yo devan zidòl yo, e yo te vin yon wòch chite, inikite, pou lakay Israël; akoz sa, Mwen te sèmante kont yo”, deklare Senyè BONDYE a: “Ke yo va pote pinisyon pou inikite pa yo a.


Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.


Lè se volonte Mwen, Mwen va bay yo chatiman. Konsa, pèp yo va vin rasanble kont yo lè yo mare nèt nan koupabilite doub yo.


Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda e Li va pini Jacob selon chemen li yo. Li va rekonpanse li selon zak li yo.


Nan vant manman, li te kenbe frè l pa talon; epi lè l fin grandi, li te lite ak Bondye.


Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen Sonje tout mechanste yo. Alò, zak yo ap antoure yo; yo devan figi Mwen.


Pou sakrifis ofrann Mwen yo, yo fè sakrifis vyann, e yo manje l. SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo. Konsa, Li va sonje inikite yo, e pini peche yo. Yo va retounen an Egypte.


Tout mechanste yo se nan Guilgal; Anverite se la Mwen te rayi yo! Akoz mechanste a zak yo, Mwen va chase yo sòti lakay Mwen. Mwen p ap renmen yo ankò; tout prens yo se rebèl.


Yo antre tèt yo byen fon nan koripsyon, tankou nan jou a Guibea yo. Li va sonje inikite yo. Li va pini peche yo.


Men èske pawòl Mwen yo, ak règleman Mwen yo, lòd ke M te bay a sèvitè Mwen yo, pwofèt yo, èske yo pa t depase zansèt nou yo? “Konsa yo te repanti, e te di: ‘Jan SENYÈ dèzame yo te gen entansyon fè ak nou selon chemen ak zak nou yo, se konsa Li fin aji avèk nou.’”


Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”


跟着我们:

广告


广告