Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Oze 4:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Yo ofri sakrifis sou tèt mòn yo, e yo brile lansan sou kolin yo. Anba pye bwadchèn yo, pye sikrèn ak pye mapou yo; akoz lonbraj yo dous. Akoz sa, fi nou yo fè pwostitisyon e madanm nou yo fè adiltè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Yo moute sou tèt mòn yo al ofri bèt pou touye. Y'al boule lansan sou ti mòn yo, anba pye bwadchenn, anba pye sikren ak pye mapou, kote ki gen bon lonbray! Se poutèt sa, pitit fi yo ap lage kò yo nan jennès, bèlfi yo ap fè adiltè.

参见章节 复制




Oze 4:13
20 交叉引用  

Alò, sa te vin rive akoz fis Israël yo te peche kont SENYÈ pa yo a ki te mennen fè yo sòti nan peyi Égypte la anba men Farawon, wa Égypte la. Yo te gen lakrent lòt dye yo,


Osi, li te kraze kay mal pwostitiye sakre ki te lakay SENYÈ a, kote fanm t ap trese bagay yo kwoke pou Astarté yo.


Anverite, nou va wont pou bwadchenn ke nou te pito yo, e nou va wont pou jaden ke nou te pito yo.


Kap limen tèt nou pami bwadchenn yo, anba tout gwo bwa vèt, ki fè masak timoun yo nan ravin yo, anba fenèt wòch gwo falèz yo?


Sou yon gwo mòn byen wo, ou te fè kabann ou. Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.


Paske lontan sa, Mwen te kraze jouk ou a. Mwen te chire kòd mare ou yo. Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’ Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt, ou te kouche tankou pwostitiye.


Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a.


Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye.


Epi pwovoke M a lakòlè avèk zèv men nou, brile sakrifis a lòt dye nan peyi Égypte yo, kote nou ap antre pou rezide, pou nou kab vin koupe retire nèt e devni yon madichon ak yon repwòch pami tout nasyon sou latè yo?


Ou te pran kèk nan rad ou yo, pou fè pou kont ou wo plas ak plizyè koulè, e te jwe pwostitiye ak yo. Sa a pa ta janm dwe rive, ni li pa p fèt.


Ou te bati pou kont ou yon wo plas nan pwent anwo nan tout lari, ou te fè belte ou vin abominab e ou te ouvri janm ou pou tout ale vini pou ogmante pwostitisyon ou an.


Nan moman sa a, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a. Lè moun touye pa yo jwenn pami zidòl ki antoure lotèl yo, sou tout kolin ki wo, sou tout tèt mòn, anba tout bwa vèt— kote yo te ofri odè ki santi bon a tout zidòl yo.


Anplis, wo plas Aven yo, peche Israël la, va vin detwi. Pikan ak raje va grandi sou lotèl yo. Yo va di a mòn yo: “Kouvri nou!” E a kolin yo: “Vin tonbe sou nou.”


Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo. Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo, e brile lansan bay zidòl yo.


Mwen va pini li pou jou Baal yo, kote li te brile lasan nan, lè l te abiye tèt li ak zanno ak bijou yo, pou l swiv moun ki renmen li yo, epi tebliye Mwen” deklare SENYÈ a.


Akoz sa, SENYÈ a di: ‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’”


跟着我们:

广告


广告