Lè Joram te wè Jéhu, li te di: “Èske sa an pè, Jéhu?” Epi li te reponn: “Ki lapè sa a, kòmsi zak pwostitiye manman ou Jézabel avèk vye maji pa li yo tèlman anpil?”
Lè branch li yo vin sèch, yo vin kase yo. Fanm yo va vini pou fè dife avèk yo, paske se yon pèp san konprann. Akoz sa Kreyatè yo a p ap fè konpasyon sou yo. Li ki te fòme yo a p ap bay yo gras.
Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila Mwen te voye manman ou ale a? Oswa èske Mwen te vann ou bay ou yo? Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo, e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.
Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regret yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.”
Mwen va pozisyone jalouzi Mwen kont ou, pou yo ka aji avèk ou nan kòlè a gwo chalè Mwen an. Yo va retire nen ou ak zòrèy ou. Sila ki chape yo va tonbe pa nepe. Yo va pran fis ou yo ak fi ou yo, e sila ki chape yo va manje nan dife.
Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”
Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo.
Epi zanj SENYÈ a te di: “O SENYÈ dèzame yo, pandan konbyen de tan Ou va refize gen konpasyon pou Jérusalem ak vil a Juda yo, de kilès Ou te si tèlman pa t kontan pandan swasann-dis ane sila yo?”
Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.