Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”, ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”; men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: “Marye”. Paske SENYÈ a pran plezi nan ou e a Li menm, peyi ou va marye.
Mwen va bay yo yon kè pou rekonèt Mwen, ke se Mwen ki SENYÈ a. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’”
Yo va vin kriye fò ak lajwa sou wotè a Sion yo, e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a, sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a. Nanm yo va tankou yon jaden wouze. Yo p ap janm soufri tristès ankò.
Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.
Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.
SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.